- Zandolit
- Yon ti bèt ki gen nan peyi twopikal yo e ki kapab shanje koulè lè li resevwa kou. Yon zandolit soti nan menm fanmiy avèk mabouya, kayiman. Boush li laj anpil pou gwosè kò li, ke li long e ke li, tankou tout kò li, kapab repouse apre li fini kase. Sanble ti bèt sa kapab resisite apre yon lanmò vyolan, si tout kò li pate kraze. Shat renmen manje ti bèt sa.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.